Social

Enflasyon: Poukisa pri tout bagay ap monte ?

Manje, dlo, lwaye kay, gaz… prèske tout bagay vin pi chè pase ane pase. Dapre Fon Monetè Entènasyonal, chif enflasyon nan peyi Dayiti pou lane 2026 la se 26.2%. Men kisa enflasyon ye?

JL
Dumas MAÇON 12 Mars 2025
Social 12 min de lecture
Circuit imprimé — semi-conducteurs

Enflasyon se ogmantasyon pri machandiz ak sèvis sou yon peryòd. Sa vle di avèk menm kantite lajan an, w ap kapab achte mwens menm machandiz la pase avan. Enflasyon chanje valè pwodwi yo, yo vin koute pi chè.

Enflasyon ki soti nan demann : Lè gen anpil moun k ap mande yon machandiz oswa sèvis, sa ka fè pri yo monte. Sa rive souvan lè ekonomi an ap reprann, lè anpil moun vle depanse olye yo sere lajan. Enflasyon sa a kòmanse lè demann konsomatè yo ogmante. Machann yo konn eseye satisfè demann sa a lè yo ogmante pwodiksyon an, men yo konn monte pri yo tou. Pa egzanp byè souvan vann pi chè nan mwa desanm. Yo rele sa enflasyon ki soti nan demann oubyen enflasyon pri.

Gendelè tou, pri materyo pou fè yon machandiz oswa yon sèvis ogmante, epi ogmantasyon sa a se kliyan an ki peye l. Pa egzanp, si gaz la vin pi chè, gen anpil machandiz kap vin pi chè..

Se lè moun ap achte machandiz oswa dola pa paske yo bezwen li, men paske yo vle kreye rate pou fè pri monte, epi pou yo fè gwo benefis sou do pèp la.

Semi-conducteurs Géopolitique Technologie Taïwan Économie
Devenir membre

Lisez plus,
profondément.

Rejoindre Demen Media